A l'occasion du 1er mai - Haïti

Message par com_71 » 27 Juin 2009, 21:39

(AlterPresse 29 avril 2008 a écrit :  Premye me, jounen entènasyonal travay
    Ayiti : Plizyè òganizasyon mande ogmantasyon salè minimòm nan
    ak amelyorasyon kondisyon travay yo


    Pòtoprens, madi 29 avril 2008

    Nòt pou laprès plizyè òganizasyon [1]nan okazyon premye a

    Nan okazyon premye me ane sa a, noumenm, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou wete chapo nou byen ba pou nou salye kouraj tout travayè sou latè, an patikilye travayè/èz ayisyen k ap sibi eksplwatasyon nan peyi Dayiti kou lòtbò dlo. Premye me a ki se jounen entènasyonal lit travayè/èz, rive ane sa a nan yon moman, kote travayè/èz ayisyen ap trimen anba eksplwatasyon patwon k ap peye yo sèlman 70 goud pa jou. Premye me sa a rive nan yon moman, kote plizyè milye travayè ak travayèz ayisyen ap bourike tankou esklav nan peyi vwazen. Aplikasyon politik neyoliberal yo ak move distribisyon richès, travayè yo pwodui nan sosyete a, oblije anpil travayè/èz al chache lavi nan lòt peyi, malgre imilyasyon ak move kondisyon travay yo.

    Nan peyi Dayiti, kondisyon ki tabli nan faktori yo sanble anpil ak kondisyon travay esklav yo.

    Ouvriye ak ouvriyèz yo pa gen bon dlo pou yo bwè, pa gen okenn sistèm sante epi y ap touche sèlman 70 goud pou yon jounen travay ki anpil fwa depase 8 èd tan. Anplis de sa, patwon yo fè sa yo pito ak travayè/èz yo. Patwon yo revoke yo, lè yo pito epi enstitisyon leta, tankou afè sosyal ak tribinal travay, toujou rete tòchon anba pye patwon yo.

    Sa k ap pase jounen jodi a nan antrepriz SOHACOSA [2] nan Pak Sonapi, ki anba ponyèt Jean Paul Faubert, se yon egzanp aklè. Jean Paul Faubert kòmanse revoke ouvriye yo depi nan mwa desanm 2007, li fèmen izin nan bridsoukou depi 26 mas 2008. Depi lè sa a, li voye nan chomaj anviwon 800 travayè ak travayèz. Li sèlman kite yon avi nan baryè a pou mande yo al touche kòb yo nan Afè sosyal. Jouk jounen jodi a, travayè/èz sa yo pa janm ka touche prestasyon legal yo, malgre radyo ak televizyon rapòte plizyè fwa ka enjistis sa a.

    .... Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, n ap manifeste solidarite nou ak ouvriye-ouvriyèz sa yo pou egzije Jean Paul Faubert (SOHACOSA) peye travayè/èz yo lajan travay yo plis prestasyon legal yo san manke 5 kòb.

    Nan okazyon premye me ane sa a, n ap pwofite mande pouvwa a pou li aplike salè minimòm 300 goud pa jou nan plas 70 goud la, yon fason pou penmèt klas travayè a fè fas kare ak grangou klowòks la. Pouvwa anplas la dwe egzije patwon yo mete bonjan kondisyon travay nan antrepriz yo, fòse Jean Paul Faubert peye ouvriye ak ouvriyèz yo tout prestasyon legal yo epi tabli bonjan refòm nan afè sosyal ak tribinal travay, yon fason pou mete sou kote tout tyoul patwon ki nan enstitisyon sa yo.

    Guy Numa (MODEP)

    Julien Sainvil (SÈK Gramchi)

    Moise Fritz Evens (MORAP) Sylvain Jean (TET KOLE)

    Marie Carme Louissaint (OTR)

    Louna Joseph (CHANDEL)

    Yanick Etienne (BATAY OUVRIYE)

    [1] Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), Sèk Gramchi, Mouvman Refleksyon ak Aksyon Popilè (MORAP), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Oganizasyon Travayè Revolisyonè (OTR), CHANDEL, Batay Ouvriye

    [2] SOHACOSA: Société Haitienne de Couture SA.

L’intérêt ne pense pas, il calcule. Les motifs sont ses chiffres. K. Marx, « Débats sur la loi relative au vol de bois » 1842.
Avatar de l’utilisateur
com_71
 
Message(s) : 6402
Inscription : 12 Oct 2002, 00:14

Retour vers Presse et communiqués

Qui est en ligne ?

Utilisateur(s) parcourant ce forum : Aucun utilisateur inscrit et 2 invité(s)